Patrick Moussignac Victime des réseaux sociaux, Michel Joseph réagit


Pòtoprens,Ayiti, 17 Janvye 2019




Chè Patrick Moussignac« Toro »

Chak fwa m wè non ou ekri yon kote, m anvi reponn. Chak fwa m tande yo site non ou, m tranble, san m mache. Dènye jou sa yo, lè m gade pouki rezon, anverite, anverite, m souke tèt mwen epi m souri.

Toro, menm jan ak anpil lòt moun, mwen obsève depi kèk jou kouman non ou ap sikile sou tout Rezo sosyal yo. Nouvèl yo pa rejwisan. M konnen nan ki pwen chak mo, chak fraz sa yo kapab afekte w, afekte moun ki nan antouraj ou, sitou moun ki renmen w. Wi sa fèm mal anpil. M li tou kèk mesaj, kòmantè solidarite.

M pap twò long Toro. M konnen w se nèg ki toujou okipe. M konnen menm lè tout moun ap dòmi, ou sou 2 pye w, je w kale, wap panse sou pi bon estrateji, pi bon opòtinite pou w kreye pou ede moun reyalize rèv yo nan yon peyi kote opòtinite yo manke.

Ant move pawòl kap sikile yo, ak Patrick Moussignac m konnen an, diferans yo plis pase lajounen ak lannwit. Gen moun ki ka pa vle ekri menm jan ak mwen, oubyen Lafortune Yves ki fèl avan m, pou moun pa pran yo pou flatè. Mwen m pa ka fè silans. M vle pran ti tan pou m di w yon ti mo, temwaye kalite moun ou ye a. Se yo m vle tout moun konnen.

Admirasyon m kòmanse pou ou depi 2008. Lè m fenk vini pòtoprens pou etid. Li pat fasil pou m konnen se ou ki Patrick Moussignac paske lè map pase nan ri Chavàn, se te yon gwo egzèsis pou m fè diferans ant moun ki patron an ak sila ki anplwaye yo. Ou mete tout moun nan menm nivo, ou trete tout moun tankou moun. Ou pa gen anplwaye, ou gen kolaboratè. Sepandan sa pa janm afekte respè yo gen pou ou ak kalite travay yap pwodwi chak jou. Jiskaprezan sa pa chanje. Toro, epa m pa janm tande vwa ou sou youn nan radyo ki nan Gwoup Karayib la? Apa ou toujou ap kouri pou glwa, pou elòj moun ap fè pou ou ? Menm sa ou merite yo, ou kouri pou yo. Ou se yon Modèl Imilite san parèy.

M te konn toujou tande temwayaj yo. M te konn toujou swiv glwa moun ki nan antouraj ou ap ba ou, nan ki pwen ou se yon gwo, yon bon patron Medya. Lè m vin entegre radyo Karayib, m dekouvri plis ke sa.

Toro, ou se yon nèg ki fè moun konfyans vit. Non m pap di twò vit. M sonje premye chita pale mwen menm ak ou nan mwa Dawout 2012, yon mwa avan m entegre Radio a. Ou di m “ Tande non Toro, nap kòmanse mwa pwochen, vin montre m sa w ka fè”. Mèsi yon fwa anko pou opotinite a Toro. Pandan ti kout eksperyans sa, mwen wè, mwen viv. Fòk mwen di w avan, mwen te panse se te Chans m genyen wi, men apre m vin wè se kalite moun sa ou ye menm pou tout moun. Ou renmen moun. Ou kwè nan moun. Se chak moun ki kwaze wout ou ki ka temwaye…

Toro, jiska jounen jodi a, ou aprann mwen pozisyon w ak sa w reprezante pa janm fè w panse w twò enpòtan pou w chita pale ak moun, tande sa yo gen pou di w, kèlkeswa orijin, ran sosyal li. Ou toujou pare pou w bay lide, pou w ede. Ou konn bliye tèt ou pou w jere afè pèsonèl lòt moun. M toujou ap swiv kòmantè w sou aktyalite peyi a ki bay tè fè mal. Ou toujou swete wè bagay yo chanje yon jou, wè chak pitit peyi a ka reyalize rèv yo san yo pa deplase. Ou toujou kwè chak moun gen wòl pa yo pou jwe menm jan ak ou, nan nivo pa yo pou chanje sa. Si sèlman sa te depann selman de ou.

Lè map reyalize tout pwa sa yo ou gen sou zepòl ou, pafwa mwen mande kijan w fè kanpe? Eske w gen tan pou w manje? Kilè jounen ou tanmen? Kilè li fini? Konbyen tan ou pran pou ou? Pou fanmi w ak bon zanmi w?

Toro, gen moun ki pap janm wè lè w febli. Non, yo pa konnen lè w kriye pou sak fè w mal. Yo pap konnen sakrifis ou fè, kantite soufri ou soufri pou w rive. Di tèt ou chak fwa, sa yo repete se konfime yap konfime ou sou bon wout la. Gen moun se non ou pou yo site podyab pou yo egziste.

Rete Djanm Toro! Rete Djanm!

Patrick Moussignac, “Toro” m konnen an, avan tout bagay se yon nèg senp, yon nèg saj, ki ranpli ak imilite ak modesti. Se yon sèvitè, se yon pwogresis ki renmen bon ak bèl bagay. Li pa yon patwon men yon bon lidè, yon bon zanmi. Li se yon Gran Frè ki pare pou lonje lanmen ba ou lè w faya, lè w vle tonbe pou ede w kanpe. Se yon nèg ki ap kanpe ak ou lè l konnen se sou li ou konte. Toro se yon gran paran kap ankouraje w lè w fè sa ki bon, rale zorèy ou lè sa nesesè. Patrick pa pè kritik. Menmsi ou ta anfas li, lap respekte chwa w ak opinyon w. Depi 7 lane, m konnen Patrick Moussignac tou kòm yon modèl chèf antrepriz ki pap kwense kolaboratè, anpeche yo pwogrese pou yo ka toujou travay pou li tout lavi yo. Se yon moun ou ka rele, ekri nenpòt lè lajounen tankou lannwit. Li toujou disponib pou pale sou nenpòt sijè.

Woyyy, m tap bliye pati sa wi. Patrick Moussignac pap gen pwoblèm non si w kreye antrepriz ou pandan ou nan antrepriz pa l, menmsi se ta nan menm domèn nan. Li ka menm baw mwayen pou sa.

Pou mwen menm Michel Joseph, Patrick Moussignac se yon non, yon patrimwàn vivan ki merite lonè ak ochan chak jou nan sosyete sa kote li pi fasil pou detwi moun. Mwen ekri w jodi a pou m di w rete djanm. Gen frap kap vini ki ka pi fò toujou. Men ou pa bezwen brannen. Jewova va ba w fòs ak kouraj pou w andire.

Monchè, Toro, kite m di w ou gen kèk ti defo tou wi nèg pa. Antouka pa gen moun ki pafè. Mwen prefere pale de bèl kalite w yo jodi a.

Toro, pou m fini, map raple w “Ou se limyè”. Misyon ou se klere. Limyè pa limen pou tèt li men li bay mwayen pou sa ki alantou li wè tèt yo. Se lò limyè klere sou ou pou w konnen si w lèd, si w bèl, si w sal, si w pwòp. Ou pa responsab si chak moun itilize limyè w ba yo a nan fason pa yo.

OCHAN TORO ! Chak mo Sa yo soti nan kèm

Michel Joseph

Port-au-Prince 17 Janvier 2019




Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *